Vaksen, lòt fwontyè pou imigran nan Meksik (CREOLE-Haití)

Chiapasparalelo
Chiapasparalelo
Vaksen, lòt fwontyè pou imigran nan Meksik (CREOLE-Haití)
Loading
/

Pou lane 2021, mwens pase 5% nan imigran yo te arete sou fwontyè sid Meksik la, pa resevwa anpil dòz vaksen kont Covid-19 la.  Reta òf la, mank de konfyans nan pwosesis la ak diskresyon otorite imigrasyon ki responsab detèmine bezwen vaksinasyon yo, gen yon gwo enfliyans sou sa. Sa a se istwa aksè a vaksen pou imigran ki bloke nan sid Meksik, kote yon demi milyon etranje pase chak ane.

 

Angeles Mariscal/Andrés Domínguez  di

Chiapas, Meksik. Foul moun imigran rasanble chak jou devan biwo Enstiti Nasyonal Migrasyon an (INM, ki se sig an espanyòl la), Komisyon Meksiken pou Asistans Refijye (COMAR, ki se sig an espanyòl la), ak plas Tapachula yo, yon vil ki sou wout yo lè yo pral Etazini, men yo bloke ladan lè yo antre nan peyi a. 

Deyò biwo INM yo, nan mitan lari a, gen yon ti gwoup jèn ak jilè ki di «Covid Brigad», k’ ap mache nan mitan foul migran yo, anba solèy la ak yon tanperati ki plis pase 30 degre Sèlsiyis. Yo ofri sèvyèt sanitè pou fi (kotèks), bwòs dan, e yo gade pou yo «detekte» si gen moun ki gen nenpòt malèz fizik ki gen rapò ak covid-19 la. Lè yo jwenn yon moun ki malad, se lon sa pwotokòl a di, yo dwe mande yo enfòmasyon pèsonèl yo, epi voye yo bay yon anbilans ki kanpe pa trò lwen devan yo a.

Kote a se yon “Babèl,” lang ak koulè po melanje, manm brigad sante yo, ki se imigran tou,  pase inapèsi pami lafoul. Gen kèk moun,menm si yo pa anpil, ki pwoche yo. Moun ki rasanble la yo gen yon lòt priyorite: nan liy long kote yo dwe tann anvan yo kòmanse pwosedi imigrasyon an, ki ka anpeche yo depòte yo, objektif yo se pa pèdi plas yo. yon bagay ki, nan kèk ka, ka pran plis pase yon ane.

Nan lane 2021 an sèlman, gouvènman Meksiken an te arete 307, 679 imigran ki te antre nan Meksik de fason ilegal. E gen 3 fwa plis moun yo pa detekte lè y’ap pase, ki rive nan fwontyè nò peyi a.

Kriz ekonomik mondyal pandemi an kite a, lakoz mouvman migratwa a miltipliye . INM rapòte ke nan Tapachula, aktyèlman gen imigran ki soti nan 20 peyi nan Afrik, Azi, Amerik, Karayib la ak dènyèman la, lòt moun ki soti an Ewòp de lès, tankou Larisi, rantre nan peyi a.  Tapachula se pa sèlman yon Babèl, men yon«vil prizon» kote otorite Meksiken yo enpoze, atravè pòs militè yo, yon antonwa ki gen pou objektif kontwole mouvman migrasyon an, pou li pa rive nan fwontyè nò peyi a.

El pase de diapositivas requiere JavaScript.

Vaksen ki te rive an reta

Nan dat 9 septanm 2020 an, gen yon migran ayisyen ki te gen 33 lane, Jules Junio, yo jwenn mouri andedan yon chanm li te lwe nan vil Tapachula, aprè li te prezante sentòm ki gen rapò ak viris SARS-Cov-2 a.

Dapre rapò Sekretarya Minisipal Sekirite Piblik Tapachula a, se atè nan chanm nan yo jwenn kò Jules Junio, se la ki te sèvil kabann. Li te gen kèk jou ak lafyèv e tèt fè mal, se sa k’ fè moun ki te nan menm chanm ak li yo te panse se covid li te genyen. Lè Jules mouri a, yo jwenn  kò l’ atè a sou yon dra, tèt li te vlope nan yon chemiz.

Konpatriyòt li yo, ki te pataje chanm nan ak li, te avèti otorite yo pou yo mande èd pou leve kadav la. Yo te tann prèske 12 èdtan san yo pa jwenn ankenn repons, yo te oblije pran desizyon mete kadav la nan lari a pou mande atansyon ijan.

Prezidan Komite Defans moun Natiralize ak Afro-Meksiken an, Wilner Metelus, ki se ayisyen, denonse sa k’ pase a, li fè konnen Jules se dezyèm ayisyen ki mouri ak sentòm covid-19 la , paske l’ “lage pou kont li epi li pa jwenn swen medikal».

Twa mwa apre lanmò sa yo, nan mwa desanm 2020 an, gouvènman Meksiken an te kòmanse vaksinasyon popilasyon peyi a, men se jis le 20 septanm 2021, yon ane apre lanmò Jules, popilasyon migran an te jwenn aksè ak vaksen kont Covid la.

Gouvènman an rapòte nan yon deklarasyon ofisyèl ke nan premye jou vaksinasyon an, militè Gad Nasyonal la, ki te ede nan òganizasyon an, te patisipe pou kontwole espas la. Yo te aplike yon dòz vaksen nan mak CanSino- sou 23 fanm ak 76 gason ki soti Kiba, Ondiras, Èl Salvadò, Gwatemala, Venezyela ak Ayiti. Aprè arestasyon yo, yo te mennen moun sa yo nan Estasyon Imigrasyon Siglo XXI, ki se pi gwo sant detansyon nan peyi a. Li fèt pou l’ pran 800 moun, men nan tan ki gen gwo kantite moun yo arete, li konn pran plis pase 2,000 etranje andedan l’.

El pase de diapositivas requiere JavaScript.

Idantifikasyon ak «kritè» INM la

Enstiti Meksiken Sekirite Sosyal (IMSS), kò ki responsab pwosesis vaksinasyon antikovid nan Meksik, rapòte ke, nan mwa fevriye 2022, li te aplike 17,907 premye dòz vaksen a imigran ki soti Ayiti, Ondiras ak Èl Salvadò; dezyèm dòz la, yo bay 10,750 moun li, sa vle di, chif sa se sèlman 5% nan popilasyon migran gouvènman detekte ki te nan antre antre o Meksik nan fwontyè sid peyi a.

Saúl Madrid Tovilla, koòdonatè medikal pwogram «IMSS Bienestar» nan eta Chiapas, eksplike nan yon entèvyou kòman li fasil pou yon moun vaksinen. Popilasyon migran an ka mande vaksen antikovid yo nan kat modil ki bay atansyon espesifik pou sa, modil prensipal la prensipal andedan Estasyon Migrasyon Siglo XXI an.

Twa lòt modil yo nan kay refijye El Buen Pastor, ki Tapachula; youn nan estasyon migratwa ke yo rele La Mosca, nan kapital Chiapas, se yon kote yo mennen migran yo lè migrasyon kenbe yo; dènye a nan Palenque, nan kominote Pakal Ná.

An teyori, pèsonèl sante INM yo ta dwe ofri vaksen an, men daprè Madrid Tovilla: “Sa depann de kritè INM pou mande vaksen an, sa depann de si pèsonèl sante yo ap an sekirite si yo ale. Si pa gen okenn demann, ou pa kapab ale sof si INM otorize li.»

Pou rapò sa a, yo te mande INM, atravè Platfòm Nasyonal Transparans, pou estatistik sou imigran ki te resevwa yon vaksen antikovid nan enstalasyon li yo ak kondisyon pou pwosesis sa a. Kò a te reponn ke «zafè sa a pa nan konpetans li».

Li pral fè 5è nan aprèmidi, deyò kloti  ki antoure Estasyon Imigrasyon Siglo XXI ou ka tande yon gwo ajitasyon ak vwa moun Afro-desandan yo k’ap chante, kounya yo se dezyèm pi gwo vag migratwa nan Meksik.

Kloti enstalasyon an mezire prèske kat mèt wotè, men gen yon ti mòn ki toupre lakou a. Lè wap gade sou yon gwo teren byen lwen, ou ka wè plis ke yon santèn migran. Gen moun ki kouche sou ti matla, gen lòt moun k’ap mache, genyen k’ap benyen ak dlo yo pran nan bokit; nan mitan ajitasyon sa, sèl separasyon ki genyen se yon kloti ki divize gason ak fanm.

Oscar Pérez te vwayaje 2,954 kilomèt pou l rive nan vil Tapachula, Meksik. Li te rive nan peyi a le 7 fevriye, avèk madanm li ak de pitit fi l’ yo, youn gen sèt lane, lòt la gen uit lane. Lè li t’ap antre nan peyi a, li te pase nan yon wout migran yo itilize lè yo pa vle otorite imigrasyon yo kenbe yo, men lè yo te fin pase, lè yo rive kèk kilomèt pi devan, yo te arete yo epi voye yo nan Estasyon Imigrasyon Siglo XXI.

Aprè twa semèn, lè li te kòmanse pwosedi pou aplike pou viza imanitè a, yo te lage l’ ak kondisyon ke li pa kapab kite vil Tapachula. Yo te fè yon entèvyou lè yo te lage l’ ak fanmi l, li te deklare : “ Yo aji trè mal, y’ ap fè bagay yo trè mal. Yo pa pran ka nou nan Siglo XXI an, yo maltrete nou (…) Gen 1 200 moun kounye a (andedan estasyon an)”.

– Èske yo pran mezi pou anpeche Kovid la enfekte nou?

– Wi gen mezi sanitè men pa gen okenn mezi prekosyon kont covid la. Lòtbò a, li pa obligatwa pou w mete yon mask oswa. Gade, mwen gen grip la, e se lòtbò a mwen pran l’. Gen yon ti gason ki rive tou malad e se li ki enfekte nou tout paske yo ban nou yon boutèy dlo epi, boutèy dlo sa se ladan tout moun bwè.

– Eske yo te ofri nou pran vaksen an anndan an?

– Non, yo pa ofri nou bagay konsa.

– Èske ou ta renmen pran vaksen kont covid?

– Wi. Men kounya mwen yon ti jan prese, paske mwen bezwen jwenn yon kote pou m’ dòmi ak fanmi mwen- se sa li di anvan li kòmanse mache, pandan de pitit fi li yo ak madanm li kòmanse swiv li.

Yon lòt opsyon ki genyen pou w’ pran vaksen an se ale nan youn nan modil ki nan lari yo. Pou jwenn aksè, yo mande pou w’ gen yon idantifikasyon, pou w’ ranpli yon fòmilè, epi pou w’ gen yon nimewo telefòn pou yo kontakte w’ lè modil vaksinasyon yo ouvè. Si yo pa gen okenn idantifikasyon, yo dwe ranpli yon fòm ak enfòmasyon yo, pou yo ka louvri yon dosye idantite pou yo.

El pase de diapositivas requiere JavaScript.

Laperèz pou bay enfòmasyon pèsonèl yo

“Aprè anpil, anpil pouse, aprè plizyè òganizasyon te kesyone sa; paske nou nan yon pandemi, ou pa ka kite pèsonn soti san yo pa jwenn swen sante. Men malgre sa, Yamel Athié ki se yon sikològ ak defansè dwa migran yo nan vil Tapachula di “mwen panse ke pwosesis vaksinasyon pou migran yo te rive twò ta”.

Mete sou reta sa, gen yon règleman ki fòse imigran ki vle resevwa vaksen yo kite enfòmasyon pèsonèl yo nan men otorite yo pa fè konfyans. Paske yo toujou gen laperèz pou yo pa depòte yo..

Men kisa “Atihé” te esplike nan yon entèvyou. “Migran an jeneral pè nenpòt tip de demach ki gen rapò ak gouvènman, sa se youn nan rezon ki fè anpil deside pa pran vaksen an, paske yo pè pou non yo, enfòmasyon pèsonèl yo, al tombe yon kote ki pa nan men moun vaksen ye”.

A tout bagay sa te vin ajoute prezans militè Gad Nasyonal yo nan sant vaksinasyon yo, pou popilasyon migran an, moun a inifòm reprezante youn nan prensipal obstak ki anpeche yo avanse sou wout yo.

Pami moun ki deside pran vaksen an, youn sou dis te vaksinen ak mak vaksen ki rele CanSino a, li fèt nan peyi Lachin, li pa rekonèt nan plizyè peyi, tankou Etazini, kote imigran ki pase nan peyi Meksik yo vle ale.

Gen yon sikològ ki di «Anpil pa t’ pran vaksen an paske yo pa fye vaksen an gen bon kalite, an plis si yo vle kontinye wout yo pou yo rive Etazini, yo oblije rete tann yon vaksen ke Etazini  aprouve.» 

Estatistik IMSS yo endike tou ke sèlman 6 migran sou 10 te pran tou lè 2 dòz ki nesesè yo pou konplete vaksinasyon. Rès 40% an, kontinye vwayaj yo san yo pa pran dòz vaksinasyon an konplè.

 

«Nou pa malad»

Depi kòmansman pandemi an, INM te fè konnen nan plizyè kominike ke operasyon detansyon migran yo se pou yo ka anpeche viris la gaye plis pou pandemi an pa grandi. Nan dat ki te 1ye oktòb 2020 an , otorite yo te avèti ke Y’ ap fèmen nan prizon nenpòt moun ki te antre nan peyi a tou malad.

Sant Dwa Moun Fray Matías de Córdova te akize enstitisyon an de diskriminasyon, yo te depoze yon apèl legal pou mande pou INM sispann di pwopagasyon enfeksyon an gen pou wè ak antre imigran yo nan peyi a. Se jouk nan dat 12 janvye ane sa a, yon tribinal federal te mande ajans lan retire kominikasyon li yo.

Depi lè sa a, anpil imigran te evite yo relasyone yo ak enfeksyon an, yo toujou di yo pa malad, oubyen yo di nan peyi orijin yo, oswa nan peyi yo pase pou yo rive o Meksik yo, yo te pran vaksen an deja.

Irineo Mujica, ki nan òganizasyon Pèp San Fwontyè, k’ap fè manifestasyon depi an janvye nan vil Tapachula, pou mande gouvènman Meksiken an kite yo kontinye wout yo pou y’al Etazini, di: «Gen kèk ki te pran vaksen an, men si nenpòt nan nou te malad, nou tout ta p’ pran maladi a deja.» 

Dania, yon imigran ki nan 40 lane, ki nan manifestasyon yo chak jou depi nan fen mwa janvye a di : «Sou wout la (pou nou vini Meksik) nou te resevwa de vaksen,». Manifestasyon yo soti sou plas la ki sitiye nan sant Tapachula, pou y’ale nan diferan biwo ki bay popilasyon migran.

Kèk gren moun sèlman ki met mask, chalè a rèd, akoz zòn nan se yon zòn twopikal imidite a wo epi pil wout ak mache anpil nan tout vil la rann li prèske enposib pou respire nan twal la. Pandan l ap mache, yon lòt fanm migran di nou ke se Perou li te pran vaksen an. Gen yon twazyèm fanmm ki ansanm ak 2 pitit fi l’ ki di konsa: «Depi mwen te pran vaksen an, Gras a Bondye mwen byen,». Sou wout la, chak jou gen pi plis kantite fanm ki pou kò yo k’ap travèse ak pitit yo 

Pandan l’ap siye swe nan figi l’, Henry Martínez fè remak sa: «Si m te gen posiblite pou m pran vaksen an, li ta pi bon, mwen gen 2 dòz deja, twazyèm nan sèlman ki manke m’,  si yo bay li,li ta p’ pi bon pou nou, mwen ta gen konfyans ke nou pa p’ pral malady Kovid-19 la».

Daniel ak Michel se de manm brigad sante ki soti nan ekip antikovid gouvènman Meksiken an amplwaye. Yo la pou yo vizite kote popilasyon migran yo rasanble epi plis prezan nan Tapachula. Daniel soti Nikaragwa e li fè 4 lane ap etidye Medsin Veterinè, Michel se yon doktè ki gen yon diplòm nan peyi Kiba. Yo eksplike ke yo te ba yo travay  nan brigad la paske pwofil pwofesyonèl yo gen rapò ak syans sante.

Yo di Brigad sanitè a gen 10 manm k’ap chèche detekte imigran ki gen sentòm kovid yo. Se yon gwo travay paske Tapachula se pwen prensipal konsantrasyon kote gen plizyè santèn moun k ap antre nan Meksik atravè fwontyè sid la.

Pandan Daniel t’ap pare solèy anba yon ti pye bwa ki bò biwo administratif INM yo, li esplike ke pandan siveyans yo, yo detekte mwens pase yon douzèn imigran ki gen sentòm kovid la, e pratikman pa gen okenn moun ki vle resevwa vaksen an.

Men nan mitan popilasyon migran an, gen yon lòt reyalite moun yo ap viv. Henry Martínez eksplike ke, nan kòmansman mwa fevriye pase a, gen yon fanm migran ki t’ap fè grèv sou plas santral Tapachula, sou plas la ankò li enfekte ak kovid la. “Te gen yon anbilans tou pre a ki t’ap pran ka l’, men m’ pa konn anyen de li ankò. Li te tèlman malad, ymenm nan oksijèn yo te mete l’.»

 

siviv viris la

Sou plas santral Tapachula a, ki se kote prensipal plizyè milye imigran rankontre, gen youn k’ap pwomennen ak yon panyen sou tèt li, ki gen plizyè douzèn boutèy plastik ladan l’. Anndan boutèy yo, gen yon melanj remèd fèy, yo di ki bon pou soulaje sentòm moun ki te gen kowona yo. 

«Ou ka mete sik ladan oubyen oswa siwo myèl, si w’ gen yon tous oswa lafyèv, ou ka bwè l’ konsa,» Sa se detay li t’ap bay pandan bò kote l’ la moun yo ap monte tant an plastik pou yo rete. Machann manje, machann rad, machann dlo ak lòt bagay, ap ofri machandiz yo. Se la tout moun reyini , se la yo pran refij. 

Gouvènman Meksiken an pa gen yon chif ekzat de kombyen migran ki te enfekte e ki mouri akòz viris la. Sètifika lanmò Jules June a di se yon arè kadyak ki touye l’. Gen yon fonksyonè Sèvis Medsin legal, ki mande pou yo pa idantifye l’, ki t’ap esplike «Pou yo di se viris la ki koz yon moun fè yon arè kadyak, yo dwe fè yon tès kovid anvan, e tès sa menm pou meksiken yo pa fè l’. Gen yon rapò sou lanmò yo ak enfeksyon yo.”

Li ajoute ke, malgre rapò ki fèt yo, kantite imigran ki mouri akoz viris la «minim.» Selon li menm, «petèt se paske anpil nan yo ap viv kote ki gen anpil moun ak lamizè, sa fè sistèm yo pwodwi anpil antikò kont maladi.»

Yamel Atihé pataje opinyon sa a: «Malgre pandemi an rive nan kay migran yo tou, li pa fè anpil ravaj jan nou te panse l’ ta pral fè a. Mwen te panse nou ta pral wè moun ap tonbe nan tout lari Tapachula (…) men migran an fò.”

Atihé ajoute, «Mwen panse si yo te gen sentòm yo, anpil nan yo kenbe sa pou yo, e menmsi yo te malad ou pa, pandan konfinman an, yo pran te ak remèd fèy.”

Depi nan fen mwa fevriye a, plizyè santèn imigran ki soti nan peyi Afriken yo kòmanse rive Tapachula, yo ajoute sou pil migran ki te la deja yo.  Vaksen antikovid pou sektè, pa yon priyorite nan politik piblik gouvènman Meksiken an.

Pa gen okenn enfòmasyon ni prèv ki ka eksplike obsèvasyon sa nou fè yo. Pou ta genyen, fòk popilasyon migran an ta resevwa swen ak èd kòmsadwa san yo pa gade sou kondisyon yo. Men pou kounya, dwa a lasante e ak lavi sanble kontinye gen nasyonalite ak fwontyè.

Rapò ki fè pati espesyal Moun sa yo ki pa pran vaksen an nan Amerik Santral ak Meksik, ankouraje pa manm medya nan alyans la Otras Miradas.Patisipe nan espesyal la: Agencia OcoteChiapas ParaleloRadio ProgresoLa Voz de GuanacasteGato Encerrado ak Divergentes.

Sin comentarios aún.

Deja una respuesta

Este sitio usa Akismet para reducir el spam. Aprende cómo se procesan los datos de tus comentarios.

Comparta su opinión. Su correo no será público y será protegido deacuerdo a nuestras políticas de privacidad.