Reportage sur la situation actuelle de la comminauté Haïtienne à Tapachula,Chiapas/Mexico (criollo haitiano)

Pou jwenn kèk pyès monnen, imigran yo eseye vann pwodwi nan lari yo. Foto: Ángeles Mariscal

Kominote ayisyèn k’ap viv nan Tapachula ap di anpil anpil pawòl nan dènye jou sa yo.

Y’ap plenyen pou pwoblèm kay pou rete, Sante,manje difikilte pou kite Tapachula ale nan yon lòt vil.
Y’ap kritike leta santral la tankou COMAR( Comisión Mexicana de Ayuda a Refugiados )ak Migration ki pa deside regilarize yo nan Kesyon papye.

Anpil nan moun sa yo te pran refij yo nan plizyè peyi tankou Chili,Brésil, Argentine, Suriname, Guyane anglaise ak lòt ankò ki pa twò lwen nan alantou a.

Soufrans la pa dous, li kite yon move gou anmè nan bouch sila yo.
Pou yo menm, konsène yo ta dwe di yon mo pi vit posib nan moman difisil sa a pou evite sa debouche sou yon veritab kriz.

Yo vanse pi lwen pou deklare gouvènman an pa voye je gade yo ditou. Lafen prèske anvayi yo.

99% nan yo pa rive jwenn lajan ACNUR (Alto Comisionado de las Naciones Unidas para los Refugiados). San travay, san asistans, yo rete debwa pandye pou kont yo nan lari a.

Se gras ak kèk ONG pou site sèlman Yamelcompassion yo rive kenbe ak kèk kit alimantè pandan fen Oktòb la ak koumanse mwa Novanb la nan kèk katye.

Jodia, y’ap mande èske la vi imigran yo ap toujou depan de fanmi, zanmi ak pwòch yo k’ap viv andeyò Mexique ki pou voye ti mwayen ekonomik yon fason pou yo kapab siviv?

….

Informe sobre la situación actual de la comunidad haitiana en Tapatchula, Chiapas / México

La comunidad haitiana que vive en Tapatchula ha estado diciendo mucho en los últimos días.

Se quejan de problemas de vivienda para quedarse, salud, dificultades para comer para dejar que Tapatchula se vaya a otra ciudad.

Critican al Estado central como COMAR (Comisión Mexicana de Ayuda a Refugiados) y Migración que no deciden regularizarlos en Preguntas de Papel.

Muchas de estas personas se refugiaron en varios países como Chile, Brasil, Argentina, Surinam, Guayana Inglesa y otros no muy lejos de los alrededores.

El sufrimiento no es dulce, deja un sabor amargo en la boca.

Para ellos, los interesados ​​deben decir una palabra lo antes posible en este momento difícil para evitar que esto conduzca a una crisis real.

Llegan a declarar que el gobierno no los está mirando en absoluto. El final casi los invadió.

El 99% de ellos no llega a los fondos del ACNUR (Alto Comisionado de las Naciones Unidas para los Refugiados). Sin trabajo, sin asistencia, se quedan colgados solos en la calle.

Gracias a algunas ONG por mencionar solo la compasión de Yamel, lograron ponerse al día con algunos kits de alimentos durante finales de octubre y principios de noviembre en algunos barrios.

Hoy, se preguntan si la vida de los inmigrantes seguirá dependiendo de familiares, amigos y parientes que viven fuera de México y que enviarán pocos medios económicos para que puedan sobrevivir.

Un comentario en “Reportage sur la situation actuelle de la comminauté Haïtienne à Tapachula,Chiapas/Mexico (criollo haitiano)”

  1. FLEURCIUS Marcnel
    18 junio, 2022 at 17:35 #

    Perfecto

Responder a FLEURCIUS Marcnel Haga clic aquí para cancelar el reenvío

Este sitio usa Akismet para reducir el spam. Aprende cómo se procesan los datos de tus comentarios.

Comparta su opinión. Su correo no será público y será protegido deacuerdo a nuestras políticas de privacidad.